Skip to content
Opens in a new window
Listen to this chapter • 4:49

[1] Frè m yo, nou menm ki gen konfyans nan Jezikri, Senyè nou an ki gen tout pouvwa pou li, nou pa dwe gade sou figi moun.

[2] Sipoze de moun vin antre kote nou rasanble a. Yonn byen abiye ak bèl bag lò li nan dwèt li. Lòt la se yon pòv ak rad li tou chire.

[3] Si nou leve pou n salwe nonm ki gen bèl rechanj lan, epi nou di li: Mesye, chita la nan bon plas sa a, epi si nou di pòv la: Ou menm, kanpe bò la a, osinon, chita atè bò pye m lan,

[4] eske nou pa mete yon diferans nan mitan nou? Eske sa pa moutre nou gen move lide nan tèt nou lè n'ap jije moun?

[5] Frè mwen renmen anpil yo, tande sa byen: Bondye chwazi moun ki pòv sou latè pou yo ka rich nan konfyans nan Bondye, pou yo ka jwenn pòsyon pa yo nan peyi li te pwomèt moun ki renmen l yo.

[6] Men nou menm se meprize n'ap meprize pòv yo! Eske se pa moun rich yo k'ap kraze nou, k'ap trennen nou tribinal?

[7] Se yo menm tou k'ap pran non Bondye nou an pase nan tenten.

[8] Jan sa ekri nan Liv la, lalwa gran Wa a di: Se pou ou renmen frè parèy ou tankou ou renmen pwòp tèt pa ou. Si nou fè sa, nou fè byen.

[9] Men, si n'ap gade sou figi moun, nou fè peche. Lalwa ap kondannen nou pou dezobeyisans.

[10] Men moun ki obsève tout lalwa a, men ki dezobeyi menm yon sèl nan kòmandman yo, se tankou si li te dezobeyi tout nèt.

[11] Bondye ki di: Pa fè adiltè a, se li menm tou ki di: Pa fè zak sasinay touye moun. Konsa menm si ou pa fè adiltè, men ou fè zak sasinay touye moun, se dezobeyi ou dezobeyi lalwa.

[12] Se pou nou pale, se pou nou aji tankou moun ki gen pou pase anba jijman dapre lalwa ki ban nou libète a.

[13] Paske, lè Bondye ap jije, l'ap san pitye pou moun ki te san pitye. Men, moun ki gen pitye pou lòt va sòti tèt dwat lè jou jijman an.

[14] Frè m yo, kisa sa fè pou yon moun k'ap di li gen konfyans nan Bondye, si li pa fè bagay pou moutre li gen konfyans lan vre? Eske konfyans sa a ka delivre li?

[15] Sipoze gen yon frè osinon yon sè ki touni, ki pa gen manje pou li manje,

[16] si yonn nan nou di yo: Ou mèt ale. Chofe kò ou, manje plen vant ou, san li pa ba yo sa yo bezwen, kisa sa ap fè pou yo?

[17] Se konsa tou pou lafwa nan Bondye. Si li pa manifeste nan fè sa ki byen, se yon lafwa ki mouri.

[18] Men, gen moun ki va di: Ou menm, ou gen konfyans. Mwen menm, mwen fè sa ki byen. M'a reponn li: Moutre m ki jan ou ka gen konfyans san ou pa fè sa ki byen, mwen menm m'ap moutre ou jan mwen gen konfyans ak sa m'ap fè ki byen.

[19] Ou kwè gen yon sèl Bondye? Se byen. Se sa denmon yo kwè tou, men yo menm, sa fè yo frisonnen sitèlman yo pè.

[20] Gade jan ou manke konprann! Eske ou vle wè kijan lafwa pa vo anyen si li pa mache ak fè sa ki byen?

[21] Abraram granpapa nou, eske Bondye pat fè l gras poutèt sa li te fè lè l te ofri Izarak, pitit li a, sou lotèl la?

[22] Ou wè. Konfyans li te mache ansanm ak sa li te fè. Konsa tou, sa l te fè a te fè konfyans li vin bon nèt.

[23] Se konsa, pawòl ki te ekri nan Liv la rive vre: Abraram te mete konfyans li nan Bondye, epi Bondye fè l gras. Se sa k fè yo te rele Abraram zanmi Bondye.

[24] Ou wè, se pa sèlman paske yon moun gen lafwa kifè Bondye fè li gras, men se paske, anmenmtan, li fè sa ki byen tou.

[25] Se menm jan an tou pou Rarab, fanm movèz vi a. Eske se pat poutèt sa l te fè a Bondye te fè l gras, lè l te resevwa mesaje jwif yo, lè l te fè yo pran yon lòt wout pou tounen lakay yo?

[26] Menm jan yon kò san nanm se yon kadav, konsa tou lafwa nan Bondye ki pa mache ak fè sa ki byen se yon lafwa ki mouri.

Jak — Chapters