Skip to content
Opens in a new window
Listen to this chapter • 3:03

[1] Men bagay ki pi enpòtan nan tou sa m'ap di la a: Nou gen yon kalite granprèt konsa ki chita sou bò dwat fòtèy Bondye ki wa nan syèl la.

[2] L'ap fè sèvis granprèt li nan kote ki apa pou Bondye a, sa vle di, nan kay tout bon an, kay Senyè a menm te bati. Se pat moun ki te bati l pou li.

[3] Travay yon granprèt, se ofri kado ak bèt pou touye bay Bondye. Nan kondisyon sa a, granprèt nou an dwe gen kichòy pou l ofri tou.

[4] Si Jezi te sou latè, menm senp prèt li pa ta ye, paske gen prèt deja ki la pou ofri kado yo, dapre jan lalwa Moyiz la vle l la.

[5] Nan sèvis prèt sa yo ap fè nan tanp ki sou latè a, se kopye y'ap kopye sou sa k'ap fèt nan syèl la. Sa y'ap fè a ou ta di se lonbray sa k'ap fèt nan syèl la. Se konsa sa te ye pou Moyiz tou. Lè Moyiz ta pral moute tant lan, Bondye di li: Gade byen pou ou ka fè tout bagay dapre modèl mwen te moutre ou sou mòn lan.

[6] Men, kounyeya, sèvis granprèt nou an gen pou l fè a pi konsekan lontan pase sèvis prèt sa yo. Paske, kontra li te ranje ant Bondye ak lèzòm lan pi bon lontan, li gen pi bon pwomès ki garanti li.

[7] Si premye kontra a pat gen defo, pa ta gen nesesite pou yo ta fè yon lòt kontra pou pran plas li.

[8] Men, Bondye te gen repwòch pou l fè pèp li a. Se sa k fè Bondye di: Gade, pa rete lontan ankò anvan pou m fè yon lòt kontra avèk pèp Izrayèl la, avèk branch fanmi Jida a.

[9] Bondye di ankò: Se p'ap yon kontra tankou kontra mwen te fè avèk zansèt yo a, lè m te pran men yo pou m te fè yo sòti kite peyi Lejip la. Yo pat fè tou sa yo te dwe fè dapre kontra mwen te fè ak yo a. Se poutèt sa, mwen pat okipe yo tou.

[10] Bondye di ankò: Men kontra mwen pral fè ak pèp Izrayèl la, apre jou sa yo fin pase. M'a mete lwa m yo nan lespri yo, m'a make lwa m yo nan kè yo. M'a tounen Bondye tout bon pou yo, y'a tounen yon pèp ki apa pou mwen.

[11] Pèsonn p'ap bezwen moutre yon lòt moun anyen nan peyi a. Pèsonn p'ap bezwen di yon lòt nan peyi a: Manyè chache konn Bondye. Paske, yo tout y'a konnen m, depi sa ki tou piti a jouk sa ki pi gran an.

[12] M'a padonnen sa yo fè ki mal, mwen p'ap chonje peche yo ankò.

[13] Lè Bondye di li pral fè yon lòt kontra, li fè premye kontra a pase mòd. Tou sa ki pase mòd, tou sa ki fin vye prèt pou disparèt.

Ebre — Chapters