Skip to content
Opens in a new window
Listen to this chapter • 2:38

[1] Pou fini, frè m yo, lapriyè pou mwen pou pawòl Senyè a ka kontinye gaye toupatou byen vit, pou li resevwa lwanj tankou sa te fèt pami nou.

[2] Lapriyè tou pou Bondye ka delivre m anba move moun yo, mechan sa yo. Paske, se pa tout moun ki asepte kwè.

[3] Men, Bondye ap toujou kenbe pawòl li. L'ap ban nou fòs, l'a pwoteje nou anba Satan.

[4] Senyè a fè m gen konfyans nan nou: li ban m lasirans n'ap fè sa m te mande nou fè a, epi n'ap toujou kontinye fè l tou.

[5] Mwen mande Senyè a pou l dirije kè nou pou nou ka renmen Bondye, pou nou ka gen pasyans tankou Kris la.

[6] Frè m yo, men sa m'ap mande nou nan non Jezikri, Senyè a: Pran distans nou ak tout frè k'ap fè parese, ki p'ap konfòme yo ak sa m te moutre nou.

[7] Nou menm, nou konnen sa pou nou fè pou nou ka swiv egzanp mwen ban nou. Mwen pat fè parese lè m te nan mitan nou.

[8] Mwen pat kite pèsonn ban m manje pou gremesi. Okontrè, mwen te travay di, mwen te fatige kò mwen anpil, lajounen kou lannwit, pou m pat sou kont nou yonn.

[9] Se pa paske mwen pat gendwa resevwa anyen nan men pèsonn ki fè m te fè sa. Non. Se paske mwen te vle ban nou yon egzanp pou nou te swiv.

[10] Nou chonje lè m te lakay nou, mwen te di nou: moun ki pa travay pa gendwa manje nonplis.

[11] M'ap pale konsa ak nou paske m pran nouvèl gen kèk moun nan mitan nou k'ap fè parese, ki pa vle fè lòt bagay pase foure bouch yo nan zafè lòt moun.

[12] Men sa m'ap voye di moun sa yo: Nan non Jezikri, Senyè a, m'ap mande nou pou nou travay nan lòd, pou nou manje swe kouray nou.

[13] Pou nou menm, frè m yo, pa janm bouke fè sa ki byen.

[14] Si yon moun pa swiv lòd mwen bay nan lèt sa a, make li. Piga pèsonn gen okenn rapò avè l, pou l sa wont.

[15] Men, se pa poutèt sa pou nou fè lènmi avè li. Okontrè, pale avè l tankou yon frè.

[16] Mwen mande Senyè a ki konn bay kè poze, pou li fè kè nou poze tout tan, tout jan, pou li toujou la avèk nou tout.

[17] Se mwen menm Pòl k'ap ekri mo sa yo: mwen voye bonjou pou nou tout. Se konsa mwen siyen tout lèt mwen yo, se konsa mwen toujou ekri.

[18] Se pou benediksyon Jezikri, Senyè nou an, toujou la avèk nou tout.

2 Tesalonisyen — Chapters