[1] Sa se yon pawòl kach: Si yon moun dèyè dirije legliz, li dèyè yon bèl travay.
[2] Pou yon moun chèf nan legliz, se pou l san repwòch. Se pou l gen yon sèl madanm. Se pou l yon nonm serye, ki konn kenbe tèt li anplas, ki gen lòd. Se pou l konn resevwa moun lakay li. Se pou l konn ki jan pou l moutre moun verite a.
[3] Li pa dwe fèb pou alkòl, ni renmen vyolans. Okontrè, se pou li renmen kalme, renmen mete lapè. Li pa fèt pou li wè nan lajan.
[4] Se pou l konn mennen kay li byen, fè timoun li yo obeyi l ak respè.
[5] Paske, si yon nonm pa konn dirije pwòp fanmi l, kouman li ka dirije legliz Bondye a?
[6] Fòk li pa yon nonm ki fenk konvèti. Si pa sa, lògèy ka moute l nan tèt, la tonbe anba men m kondannasyon ak Satan.
[7] Fòk menm moun deyò pale byen pou li dekwa pou yo pa pase li nan betiz epi pou li pa tonbe anba pèlen satan.
[8] Konsa tou, pou dyak yo, fòk se moun ki respektab, ki gen yon sèl pawòl, ki pa bwè depase mezi, ki p'ap kouri dèyè move lajan.
[9] Se pou yo kenbe verite Bondye fè nou konnen an ak konsyans yo pwòp.
[10] Se pou nou sonde yo anvan. Si apre sa, nou pa jwenn anyen pou repwoche yo, yo ka sèvi dyak.
[11] Se pou madanm yo moun ki respektab, ki pa nan tripotaj: se pou yo konn kontwole tèt yo, pou yo seryèz nan tout bagay.
[12] Yon dyak fèt pou l gen yon sèl madanm, se pou l konn dirije pitit li yo ak tout kay li byen.
[13] Paske, dyak ki fè travay yo byen, y'a rive jwenn yon bon pozisyon pou tèt yo, y'a gen plis konfyans pou yo ka pale verite nou jwenn nan Jezikri a.
[14] M'ap ekri ou lèt sa a. Men, mwen gen espwa mwen ka vin wè ou anvan lontan.
[15] Men, si m pran reta, lèt sa a va fè ou konnen ki jan pou nou mennen tèt nou nan fanmi Bondye a, sa vle di nan legliz Bondye vivan an. Legliz la tankou yon poto k'ap soutni verite a.
[16] Tout moun fèt pou rekonèt jan sekrè relijyon nou an se yo gwo zafè. Li te parèt tankou yon moun. Lespri a fè nou wè jan li mache dwat devan Bondye. Epi tout zanj yo te wè l tou. Se li menm y'ap mache fè konnen nan tout nasyon. Se nan li moun toupatou mete konfyans yo. Apre sa, yo resevwa l nan syèl la.