
About
Yon ane deja pase depi Fabrice ak Ricardo te demare ak avanti Memo Pòdkas la. 46 zyèm epizòd sa, se te moman pou n te swete tèt nou bòn fèt men tou gade ki diferan etap nou franchi. E pou nou te fè ti egzèsis sa, nou te apiye sou on ekstrè tèks yon chante Zenglen ki rele Do it right.
Al tande epizòd la ki disponib sou Spotify, YouTube ak Apple Podcasts.
Tcheke epizòd avan yo si w potko tande yo epi pa neglije pataje l ak yon lòt zanmi ou fanmi.