Epizòd 39 - Silans konn pale
09 August 2025

Epizòd 39 - Silans konn pale

Memo Pòdkas

About

Li konn enpòtan dèfwa pou nou kite silans nou pale pou nou. Menm jan li konn osi enpòtan pou n pale an silans. 

Aprè poz Mé ak Mo te pran pou mwa jiyè a, yo tounen ak on epizòd espesyal pou pataje lide sou enpòtans ak pouvwa silans.

Al tande epizòd 39 sila ki disponib sou Spotify, YouTube ak Apple Podcasts.

Tcheke epizòd avan yo si w potko tande yo epi pa neglije pataje l ak yon lòt zanmi ou fanmi.