Epizòd 36 - Prière d’un petit enfant nègre – Guy Tirolien
14 June 2025

Epizòd 36 - Prière d’un petit enfant nègre – Guy Tirolien

Memo Pòdkas

About

Nan kad lit kont tout fòm kolonizasyon, Guy Tirolien te pran devan pou l tire sonèt la. Li t ap denonse kalite edikasyon yo vle bay ti nèg. On lekòl ki tris, san okenn kreyativite, ki dekonekte ak kilti e koutim on pèp, se li yo vle bay ti nèg. Guy envite n pou n leve kanpe, pou n priye paske nou pa vle ale nan lekòl yo a. 

Nan epizòd 36 sa, Fabrice ak Ricardo t ap analize on ekstrè de powèm ki titre "Prière d'un petit enfant nègre" Gwadloupeyen Guy Tirolien ekri.

Al tande epizòd sila ki disponib sou Spotify, YouTube ak Apple Podcasts.

Tcheke epizòd avan yo si w potko tande yo epi pa neglije pataje l ak yon lòt zanmi ou fanmi.